Cette exposition est la première en ligne d’ENFOFANM. Elle a été préparée par Glary’s Berger, une membre du réseau Mamoune Régis, composé de filles de 15 à 25 ans. L’exposition est intitulée «  Kèk fanm revolisyonè »

Je suis Glary’s BERGER, Jacmélienne, étudiante à l’Université (IUS) en Technique de Commercialisation à l’IUS. Passionnée par l’art et profondément engagée pour la défense des droits des femmes, je m’investis à travers des projets qui allient créativité et impact social.

Ainsi mon engagement ici se traduit par la réalisation d’affiches pour le Site ENFOFANM, dédié à la mémoire des femmes et au partage d’informations sur leurs droits. Pour moi, l’art n’est pas qu’une passion : c’est un outil puissant pour dénoncer les injustices, inspirer le changement et créer un monde plus juste et inclusif.

Au croisement de mes études, de mon art et de mes convictions, je continue à explorer de nouvelles façons de transmettre des messages qui comptent.

Aqualtune

Aqualtune prensès wayòm Kongo a, se te figi rezistans nwa nan peyi Brezil. Nan lane 1685, pandan batay « Mbwila » ki te opoze wayòm Kongo ak Pòtigal la, ta sanble l te alatèt yon gwo lame. Epi aprè defèt li, yo te pran l, mete l nan prizon epi depòte l nan « resife » nan Brezil, pou yo te vann li konn esklav repwodiktris. Apresa yo te revann li Pòto Kalvo, kote l tande pale de « Quilombo Dos Palmares », teritwa lib ki te pi òganize ak pi estab pou nèg mawon nan Brezil. Avèk yon gwoup esklav prizonye, li t ap fè rebèl ak esklavajis yo e te rive ale Quilombo kote l ta pral dirije gras ak bon konesans politik ak esratejik li yo, ki te fondamantal pou konsolidasyon kominote Quilombo a.

Olympe De Gouges

Yo konsidere Olympe De Gouges  (1748-1793) kòm youn pyonyè feminis fransè. Li te marye lè l te gen 17 lane. Lè mari l te fin mouri li di klèman li kont maryaj paske li te vle kenbe libète pou l ekri epi frekante anpil salon literè. Avèk liv li yo, sitou avèk pyès teyat li yo li te denonse esklavaj avèk maryaj ti jèn fi pandan l t ap plede pou libète fanm. Lè revolisyon fransèz la te kòmanse nan lane 1789,Olympe De Gouges double aktivite li yo pandan l ap distribiye bwochi ki an favè egalite sitwayen yo, kit fi kit gason,kit nwa kit blan, kit pòv kit rich. Li pibliye deklarasyon dwa fanm ak sitwayèn yon imitasyon dwadelòm. Li te kont rejim k ap teworize sitwayen yo ,pou sa yo arete l epi koupe tèt li 3 novanm 1793.

Alexandra Kollontaï

Alexandra Kollontaï (1872-1952) te jwe yon wòl enpòtan kom fanm nan revolisyon sosyalis peyi Larisi e sitou nan travay refleksyon ak teyori sou jan revolisyon an dwe tabli pou fanm yo jwenn liberasyon yo. Se te premye fanm yo te vote pou li nan komite sovyèt Petwograd la, nan lane 1917. Se pou libere fanm yo,  li te met sou pye batay lit ouvriyèz la. Alexandra Kollontaï te vle kreye yon nouvo relasyon ant fanm ak gason, li te travay sou kesyon revolisyon epsikolojik chak moun. Se revolisyon epsikolojik sa ki t ap ede nou kite dèyè ansyen reprezantasyon nou yo epi transfome lavi nou. Li te wè jan sistèm kapitalis la ki mare ak lespri endividyalis ansanm ak pwopriyete prive t ap vale teren. Li t ap goumen kont prensip boujwa yo, paske dapre li, yo te kont revolisyon an e yo pa t vle entèdi pwostitisyon.

Clara Zetkin

Clara Zetkin (1857-1933) se te yon jounalis alman, feminis ak sosyalis. Se li ki te lanse Jounen entènasyonal fanm travayèz yo, nan lane 1910. Li t ap milite nan pati sosyal demokrat alman an, alòske yo te entèdi pati sa a. Nan lane 1822 li vin oblije egzile tèt li nan vil Zurich peyi laswis epi apre Pari kapital peyi Lafrans. Li te patisipe nan kreyasyon entènasyonal sosyalis la kote li t ap goumen nan vil Pari pou egalite fanm ak gason, pou divòs ak plasay. Li te ekri yon revi feminis sosyalis nan peyi Almay. An 1907, li te vin prezidant entènasyonal fanm sosyalis yo. Li te pwopoze pou kreye yon jounen pou fanm yo ka gen dwa pou yo vote. Kòm li te zanmi ak Rosa Luxembourg, li te patisipe nan kreyasyon Pati kominis alman an. An 1918, lè fanm yo vin gen dwa pou yo vote, li te deja yon fanm politik enpòtan ki t ap pouse pèp alman an goumen kont nazi yo.

Rosa Luxembourg

Rosa Luxembourg  (1871-1919) se te yon revolisyonè maksis almand.Se te youn nan pilye entènasyonalis yo. Se te yon polonèz ki te vin pran nasyonalite almand e ki t ap goumen nan pati demokrat la. Men rapidman vizyon l vin diferan de yo paske li te vle grèv jeneral ak abolisyon dominasyon ki sot nan kapitalis.Li te fè on bon tan nan prizon paske l te kont lagè epi paske li te fonde mouvman revolisyonè e antimilitaris “lig spatakis” nan lane 1915. Pandan l t ap travay pou bay entènasyonalis la yon baz teyorik,li t ap revandike nesesite pou mete sou pye yon rezistans mondyal ki pou mete fen nan eksplwatasyon, inegalite fanm ak gason epi rasis . Apre revòlt spatakis yo nan lane 1919,anpe ofisye nasyonalis te arete l epi asasinen l.

Les Sœurs Mirabal

Les Sœurs Mirabal ke yo konn rele tou Mariposas (papiyon) te kanpe anfas diktatè Rafael Trujillo nan repiblik Dominikèn. Pandan fanmi Mirabal yo te nan yon fèt avèk Trujillo, Misye te montre li vle Minerva (1926-1960), youn nan 3 sè yo pou madanm li. Minerva ki te pwòch kominis yo e ki te kont rejim Trujillo a pat aksepte pwopozisyon sa. Trujillo te fache dèske yo te pati kite fèt li a,pou sa li te fè arete papa a epi te fè l pase mizè apre li met tout fanmi an sou siveyans. Minerva ak Maria Teresa (1935-1960) marye ak de opozan rejim Trujillo , yo te chèf mouvman 14 jen ki t ap lite kont diktati a. Men yo te arive denonse yo sa ki te lakoz yo te met mari yo nan prizon. Yon jou lè y ap sot rann mari yo vizit nan prizon an, yo te touye 3 sè yo Minerva, Maria ak Patria (1924-1960) nan machin yo ak kout manchèt.

Lumina Sophie

Lumina Sophie (1848-1879) se te youn nan chèf revòlt peyizan sid matinikè yo nan lane 1870. Mouvman sa te la pou kraze sistèm negwofòb la ki te kontinye sou pye malgre abolisyon esklavaj nèg yo. Li te fè kotizasyon pou peye avoka pou yon nèg inosan yo te kondane. Li te menm kreye yon gwoup fanm rebèl : « les pétroleuses » ki te konn boule plantasyon epi pouse sitwayen yo afwonte otorite lokal yo pou liberasyon nèg inosan an. Li pa t kontan wè jan blan yo t ap domine epi jan yo te fè yon blan bay yon ti kras kòb alòske li vyole yon negrès lib. Peyizan yo te reyini ak Sophie pou al pi lwen ak revòlt sa. Kolon yo te aretel. Move tretman ak maladi touyel nan prizon.

Frida Kahlo

Frida Kahlo (1907-1954) se te yon atis meksikèn ki t ap goumen pou libète fanm. Tablo l yo te rann li pi selèb. Nan lane 1929 li te marye ak Diego Rivera ki te ba l 21 lane. Relasyon yo a te konplike. Nan lane 1928 li te enskri nan pati feminis meksiken an. Nan lane 1937 li te bay Trotsky ak madanm li kote pou yo kache. Li te konsidere fanm nan epòk li yo tankou fanm soumiz, se poutèt sa li te afiche tèt li tankou fanm modèn e biseksyèl epi li pat kache li t ap twonpe mari l. Li te fè yon aksidan machin ki rann li kokobe nan lane 1925. Li te itilize tablo li yo pou l montre doulè fizik ak moral li yo. Li te menm itilize yo pou revandike idantite l ak kilti l.

Blanca Canales

Blanca Canales Se yon nasyonalis potorikèn ki t ap mennen revolt “Jayuya” nan lane 1950 kont dominasyon amerikèn nan. Kom li te leve nan yon fanmi politik li te rantre nan pati nasyonalis Pedro Albizi Campos t ap dirije nan lane 1931. Se limenm ki t ap dirije fanm yo nan mouvman sa a. Lè nasyonalis yo te deside komanse ak revolisyon an lane 1950, gwoup Blanca Canales la te komanse ap souke drapo potoriken an anlè, e t ap di Potoriko se yon repiblik. Kòm ameriken yo te entèdi sa, yo mete Blanca Canales nan prizon pandan 17 lane. Li te kontinye goumen pou endepandans Potoriko jouk li mouri.

Les Sœurs Sylvains

Madeleine, Suzanne, Yvone et Jeanne Sylvain :Se te 3 fi Georges Sylvain ekriven ak manm fondatè l’Union Patriotique, yon mouvman rezistans kont okipasyon amerikèn ant 1915 ak 1934. Manman yo se te Eugénie Mallebranche, ki te soti Anse-à-Veau. Limenm ak tout pitit fi li yo te rantre byen fon nan òganizasyon rezistans sa a.  Se konsa an 1934 Madeleine Sylvain fonde ak kèk lòt dam LFAS, pou òganizasyon feminis nan peyi a. Twa sè yo te aktif anpil nan pwojè egalite fanm ak gason an, yo te fè gwo etid e yo te antèt nan sa yo te etidye a.
Madeleine te vin edikatris, sosyològ.

Yvonne vinn premye fanm ayisyèn nan fakilte medsin an Ayiti epitou premye doktè espesyalis nan peyi a. Li te pedyat.

Suzanne jouk kounye a se youn nan pi gwo chèchè nan peyi a. Li te premye fanm ayisyèn ki te fè doktora li nan inivèsite LaSorbonne kòm antwopolog. Li pibliye tèz li sou kont kreyòl peyi a apre li t al bay abitan lapawòl nan tout mòn yo. Nou konnen plizyè piblikasyon li fè.

Jeanne te espesyalize nan travay sosyal. Li te angaje nan avansman popilasyon an nan Site Simone ki vin tounen Site Solèy. Jouk li mouri, li te nan LFAS.

Angela Davis

Angela Davis (1944- ?) se te yon feminis kominis epi antirasis afro-ameriken. Li t ap lite pandan anpil deseni, li t ap goumen kont kapitalis enperyalis ak sistèm prizon etazinyen yo. Lè l te fin etid filozofi nan Massachusetts, nan Lafrans epi nan Almay. Li te vin pwofesè nan inivèsite San Diego a ( ki te revoke l pou pozisyonè l yo) ak inivèsite Los Angeles la. Li te antre nan pati kominis ameriken an ak nan “black panther party” kote FBI yo te kòmanse siveye l. Nan lane 1970 yo te akize l de yon kidnaping nan yon tribunal, poutèt sa li te oblije ap viv ankachèt pou  jis yo vin arete l pandan plis pase yon lane. Y ap vin libere l pandan yon pwosè nan lane 1972. Depi lè sa li t ap pibliye anpe esè revòltan epi kontinye milite aktivman.

Dandara Dos Palmares

Dandara Dos Palmares ( ?-1694) t ap dirije avèk mari l Zumbi pi gran teritwa nèg mawon nan Brezil :Quilombo Dos Palmares. Yo pa konn si Dandara fèt ni Brezil ni an Afrik. Li t ap goumen kont esklavaj men li te konn chase, plante epi met sou pye estrateji pou defann teritwa l. Kòm yo te metrize zam ak teknik « capoeira »(yon teknik konba afwo-brezilyen ki sou fòm dans rityèl), Dandara ak patizan l yo t ap konbat sistèm esklavajis pandan yon syèk anviwon. Konsa li te konbat anpil bò kote nèg mawon yo pou defann Quilombo Dos Palmares. Kòm li pa t vle retounen esklav li te touye tèt li lè yo te fin arete l.

Muthoni Wa Kirima

Muthoni Wa Kirima (1931- ?) se te yon konbatant « mau mau », Yon mouvman antikolonyal kenyan nan lane 1950 ki te fè kolonisatè britanik yo ale. Nan kòmansman li te yon espyòn « mau mau » apre sa li te vin ap òganize atak ayeryen sou fèm kolonyal yo. Se sèl grenn fanm yo te bay tit marechal nan mau mau e youn nan kèk grenn fanm ki te pote zam paske pifò nan medam te la pou pote mesaj epi jere materyèl yo. Kòm yo te blese l anpil li t al kache nan forè pou l te pwoteje l kont kolon yo. Pandan li t ap vin Kenya li te toujou djed paske , pou li, sa te reprezante istwa l nan mau mau ak istwa peyi l.

Kebedech Seyoum

Kebedech Seyoum (1910-1976) se te yon ewoyin nasyonal nan Etyopi paske li te konn batay avèk kouraj pou l te reziste kont kolonizasyon italyèn Mussolini an. Li te marye avèk Abera Kassa ki te kolonèl epi manb noblès etyopyèn nan , ki te envesti l nan rezistans kont kolon italyen ki te anvayi peyi a. Apre yo fin pèdi yon  batay Abera Kassa avèk de nan frèl yo pote tèt yo bsy italyen yo an desanm 1936 an echanj pou italyen y opa fè yo anyen. Malgre sa twoup Mussolini yo touye yo. E se zak sa kif è Kebedech antre nan rezistans malgre l te fèk akouche. Gabriella Ghermandi, yon ekrivèn italo-etyopyèn pale de li kòm « pi bon chèf pase gason yo ». Li t ap kòmande yon lame epi li mennen anviwon 14 batay kont italyen yo.

Miriam Makeba

Miriam Makeba (1932-2008) yo te rele l tou “mama africa” se te yon chantez epi youn nan fanm ki tap goumen nan sid Afrik la. Nan mizik li, li te leve kanpe kont rejim rasis apated la, kont move kondisyon lavi travayè yo epi li tap defann fyète kontinan afriken an. Yo te oblije l ale nan ekzil pandan plis pase trant ane akoz li te fouye tèt li nan dosye politik. Miriam te kontinye fè anpil siksè epi li te menm resevwa yon “ grammy award”. Li pa t janm sispann fè diskou kont apated la epi pale pou l di yo pa okipe yo de Afrik disid ditou. Nan lane 2017 yo te kreye pri entènasyonal Miriam Makeba pou rekonpanse kreyativite atis yo sou kontinan afriken an, epi pou raple nou se yon nesesite pou nou nou transfòme mizik kòm yon zam poliyik pou liberasyon.

Prudence Crandall

Prudence Crandall (1803-1890) te yon pwofe sè amerikèn. Li te fè pale anpil de li lè li te kreye yon lekòl avèk sè li a, yon lekòl pou medam afwo amerikèn yo, e tout sa, avan menm yo te kanpe lesklavaj. Nan lane 1932 lè yon jèn fi nwa lib yo te rele Sarah Harris te mande pou li antre nan lekòl la, Prudence te aksepte, sa ki te vin mennen yon pakèt pawòl anpil nan Canterbury nan leta Connecticut. Sa te fè li pèdi anpil nan elèv li yo .Malgre tout presyon yo te konn ba li, li pat brannen epi li te chwazi kenbe lekòl li a pou jèn fi nwa yo sèlman. Nan lane 1933 gen 20 medam nwa ki te soti nan plizyè lòt leta ki te antre nan lekòl la. Poutèt sa, Connecticut vote « black law », yon lwa kip a vle yo louvri okenn lekòl pou afwo-ameriken kit e soti nan lòt leta yo san vil la pat aksepte. Apre yo finn jije l epi lage l , Prudence te kontinye nan kesyon anseyman mem li te fèmen lekòl li a lè yo te finn kraze brize ladan l epi boule l.

Kimpa Vita

Kimpa Vita: Fondatris gwoup relijye antonyanis ki parèt nan Legliz Katolik  antonyanis na fen 17 yèm syèk l. Objektif Antonyanis yo se te rantre resi biblik yo nan listwa ak koutim pèp kongole a. Yon jou, Kimpa Vita resevwa yon revelasyon kote li wè Sentantwan de Padou parèt tankou youn moun nwa. Li pa t kontan wè kijan kretyen yo yomenm t ap bay trafik esklavaj la jarèt, Se pou tèt sa li preche Jezikri pa t yon blan men se te yon nwa. Se afriken ki papa Legliz la, epi peyi Kongo se Tè pwomiz la. Kimpa Vita atire anpil fidèl e sa lakoz enflyans misyonè yo kaba. Li t ap defann fyète popilasyon nwa a se konsa yo aprann fidèl yo estrateji geriya a pou yo jwenn libète yo. Se poutèt sa, wa peyi Kongo a met tèt li ak kolon Potigè yo pou yo boule Kimpa ansanm ak mari l al tout piti gason l : yo deklare yo eretik.

Wangari Muta Maathai

Se yon fanm syantifik peyi Kenya ki t ap batay pou ekoloji ak demokrasi. Se premye fanm Kanyan ki pwofesè ak dwayen nan Inivèsite. An 1977, pou fè respekte Dwa Moun, Lanati ak Demokrasi, li fonde yon ONG ki rele Green Belt pou fanm yo ka rebwaze zon ki te detwi. Li te menm rive anpeche yo konstwi yon  gwo batiman nan mitan yo pak nan Naywobi, Kapital peyi Kenya.Lè Daniel Atap Moi t ap dirije, Wangari te komanse kritike politk sa a, se konsa li te fè kèk jou nan prizon. Se premye afriken ki resevwa Pri Nobèl Lapè.

Toya

Toya:Se youn nan ewoyin revolisyon peyi Dayiti nan fen 18yèm syèk la. Desalin, ki t aral vin enperè Dayiti, se te neve li e li t ap goumen nan menm kan avè li. Se Deasalin limenm ki te montre lanse kouto epitou goumen san zam. Duclos, ki te mèt esklavajis yo, te vin wè relasyon sa a pa nan avantaj li, li te depeyize Toya. Men sa pa te anpeche Toya dirije soulèvman gwoup rebèl yo. Yo rive arete li. Lè Desalin vin enperè Jean Jacques Premye yo ba Toya tit Dichès enperyal. Li mouri yon ti tan apre sa.

Emma Goldman

Emma Goldman :se yon feminis anachis ki soti nan peyi Lityani, li te yon manm enpòtan nan mouvman anachis ameriken an. Li te dekouvri mouvman anachis la an Risi nan lekti ekriti Tchernychevski, men li te rantre nan mouvman an jous lè li rive Etazini, apre masak Haymarket Square la. FBI te konsidere l kòm youn nan fanm ki pi danjere nan Amerik la. Li te fè plizyè prizon pou ankourajman li te bay chomè yo pou revòlte, oswa pou distibisyon li te fè nan ekriti sou anti-rasis ak kontrasepsyon. Kòm yon feminis angaje, li te vwayaje nan tout Etazini, Risi ak Ewòp pou denonse sistèm patriyaka a. Li te konsidere ke fanm yo dwe refize bay aksèsistematik nan entimite yo, oswa fè pitit si y opa anvi. Li se premye fanm ki reflechi sou yon politik seksyèl a travè mouvman anachis la.